Ti Koze Sou Alfabè Kreyòl Ayisyen an
- kiltiakar
- 16 janv. 2019
- 4 min de lecture

Edito Kreyololo
Youn nan mwaye lòm itilize pou yo kominike plis sou tout rakwen sou tè a se lang, anplis yon zouti kominikasyon, li se yon eleman ki idantifye yon gwoup òganize e ki ap viv nan yon menm espas ki byen defini. Yon lang gen yon latriye prensip ak règ li dwe respekte pou li kapab egziste, pou yo ka konsidere li kou yon lang tout bon vre.
Nan kad ribrik sila nou pral prezante nou Lang Kreyòl Ayisyen an, espesyalman youn nan zouti li yo e ki se baz pou aprann yon lang, Alfabè a. Kisa yon alfabè ye? Konpozisyon yon alfabè? Kijan alfabè lang kreyòl ayisyen an fèt? Kisa li genyen ki diferan ak lòt yo? Note gen plis pase 6000 lang ki resanse, sèlman 400 anviwon ki gen yon alfabè.
Nou pral analize alfabè sila epi fè yon pwopozisyon modifikasyon nou ka fè ladan ki pou rann li orijinal epi ki ap pèmèt nou estandarize li.
Kisa yon alfabè ye?
Pou nou koumanse, yon alfabè jan moun save yo defini li an, se yon gwoup lèt oubyen senbòl ekri ki fòme sa yo rele grafèm ki bay yon Fonèm, yon son ki idantifye chak grafèm nan majorite ka yo. Yon lèt se yon siy grafik e li se baz yon alfabè.
Kisa yon alfabè genyen ladan l?
Yon alfabè gen yon ansanm siy ladan l, yo rele siy sila yo lèt. Anpil alfabè divize ant konsòn epi vwayèl, genyen ki gen lot tankou vwayèl-konson, elatriye. Nan yon alfabè lèt yo ka divize ant senp lèt miltigram (digram, trigram), dyakritik, elatriye.
Konpozisyon alfabè lang kreyòl ayisyen an

Alfabè kreyòl Ayisyen an konpoze konsa ak 32 lèt, grafèm oubyen siy. Li divize konsa:
- 18 lèt oubyen grafèm ki gen ladan yo 2 digram ( ch, ng) ak 16 lòt lèt senp ki bay kategori konsòn yo,
- 11 lèt oubyen grafèm ki gen ladan yo 4 digram (an, en, on, ou ) plis yon trigram (oun) epi 6 lòt ki senp ki yo menm bay kategori vwayèl yo,
2 lèt oubyen grafèm senp (y, w) ak yon digram (ui) ki bay kategori mwatye vwayèl mwatye konsòn. Antou lang kreyol la divize konsa: 18 konsòn, 11 vwayèl ak 3 vwayèl/konsòn.
Diferans nan lang kreyòl la ak anpil lòt lang
Youn nan espesifisite lang kreyòl la e ki rann li vrèman diferan ak anpil lòt. Nou adopte 3 prensip kle e ki fè baz etid lang lan:
Premye prensip.
Chak lèt rete nan wòl yo, sa vle di pa gen youn ki ap vin pran plas lòt
Dezyèm prensip.
Chak son oubyen fonèm ekri menm jan, sa ki rann ekri ak pwononse mo yo pi fasil
Twazyèm prensip.
Nanpwen lèt ki bèbè, tout lèt pale oubyen sonnen.
Analiz kritik sou keksyon lang lan, sou gwoup moun ki plase pou reflechi sou yon ansanm règ ak prensip ki pou fè li byen mache
Nan sa ki gen pou wè ak pwofesyonèl ki gen misyon pou reglemante lang lan, nou gen AKA ki se Akademi kreyòl Ayisyen. Fòk nou raple nou veritab travay ki te fèt pou nou genyen alfabè kreyòl ayisyen te abouti nan lanne 1980, depi lè sa anyen pa vrèman fèt pou rann lang lan pi djanm nan sa ki gen pou wè ak alfabè a, AKA te kreye nan lane 2014 e se apre anpil tan li ta pral pibliye jou ki te 2 jen 2017 la kèk rezolisyon sou lang kreyòl ayisyen an, e yo te adopte epi pibliye menm kalite alfabè a ki egziste depi nan lanne 80 yo.
Kisa ki pase ki fè se menm alfabè a ki adopte toujou san okenn chanjman pou piti ladan l apre tout tan travay sa yo, san repons. Poutan lang kreyòl la pa sispann sibi tout move tretman anba men tout kategori moun nan sosyete a, moun ki konnen tankou sila yo ki pa konn anyen nan domèn lan.
Nan rechèch anpil moun ap fè pou wè si yo ta rive bay jèn lang sa jarèt, anpil keksyon pa sispann poze. Poukisa alfabè a genyen 32 lèt oubyen grafèm? Pouki tout mo yo nan majorite ka yo se mo etranje ki soti nan lòt lan? Poukisa nou pa eseye rann kreyòl la pi orijinal ak pwòp mo pa nou? Yon latriye poukisa, yon bann keksyon ki gen plas yo e ki enpòtan anpil. Apre anpil refeksyon ak tout keksyon sa yo, nou deside non sèlman analize men pwopoze tou yon seri pwen nou jije si yo ta aplike ka mete lang kreyòl ayisyen an nan yon nivo estanda e orijinal ak nou menm.
Nou pral eseye abòde chak grenn keksyónman sa yo ka pa ka epi pi bon fòmil nou te ka pwopoze e ki kapab mennen nou nan chimen nou ap chache a, jwenn yon lang ki estanda e ki pwòp e orijinal ak nou menm!
32 lèt la, ki mòd siy yo ye, poukisa se kantite sa?
Tankou jan nou te mansyone sa nan paragraf ki anvan yo, lang kreyòl ayisyen an gen ladan l anpil kalite siy. Genyen ki konpoze lèt senp yo, gen digram, gen trigram e menm gen dyakritik. Poukisa fòma sa, sitou lè nou konsidere siy sila tankou digram (ch, ou, ui) ak trigram (oun) ki depaman ak definisyon yon digram, yon trigram, li demanti konsiderasyon sa yo. Kidonk se yon pwoblèm ki mande yon solisyon si nou vle kanpe lang lan an gran panpan nan fas tout lòt lang sou latè.
32 lèt la san rezon valab............
Comments