top of page

Lang pou langue

  • Photo du rédacteur: kiltiakar
    kiltiakar
  • 17 janv. 2019
  • 2 min de lecture

Bouzen

" Mwen gen twa non

Ti liline pou lakay le matin

Maryline pou lekòl la jounen

Dayana pou beton nan seren

Beton se biwo travay mwen

Dayana se idantitem

Sou boulva gran chimen

Mwen gen bèl fòm

Mwen kale kòm

Pou mwen fè bap piyanp

Sou premye pwason

Ki pran nan amson

Yon pratik a onzè

Yon kravachè a minwi

Yon dezespere a inè

Misyon akonpli "


Lang pou langue se yon rekèy pwezi ki soti nan lane 2014, nan Kad ventyèm edisyon "livre en folie". Ouvraj sa gen pou otè, "Fresnel Larosilière", yon epsikològ, aktè, chantè, ekriven, li ekri anpil liv ankò. Yo konnen l pou wòl li te jwe nan fim "I love you Anne" lan, li jwe tou nan " la rebelle, miracle de la foi" epi swit Àn lan " we love you Anne" ak lòt ankò.

Ouvraj sa rasanble venkat powèm an kreyòl tankou an fransè. Li trete anpil sijè nan pwezi sa yo, tankou pwostitisyon, grangou, lanmou. Majorite pwezi nan rekèy la rime.


Lang pou langue se kri anpil jèn fanm ak jèn gason, se temwayaj lavi difisil anpil timoun. Se an menm tan espwa ki ekri sou chak figi moun. Li pa ezite montre anndan chak ekriti li yo li se ayisyen. Si nou ale pi lwen nap wè kèk tit tankou"kalewès, sèvolan" ki trennen yon pil aspè ayisyen. Ouvri ti rekèy powèm sa, se kòm jwenn bwat sekrè lavi an Ayiti.


Nan rekèy sa tou n ap wè Larosilière se yon otè ki plis konpati olye li mande yon evolisyon ki te dwa akonpanye ak yon revolisyon. Li plis pale sou chanjman moral, sou sivis. Tankou nou menm, li ta renmen yon pi bèl peyi, men li pa twò montre nou solisyon pou nou soti nan touman yo.


Larosilière montre pwoblèm peyi a, se nou tout ki responsab, li pa pwente pèsòn. Li pale sou chanjman avèk rezèv, li pa al twò lwen avèk li.


Lanmou daprè rekèy sa, kay Larosilière se mèt ak seyè. Lanmou domine jan li vle, depi gen lanmou, se bliye tout bagay, se aksepte tout bagay.

"Fatal

Ou vire lòlòj mwen lanvè

Ou vire'm debò tankou yon yoyo

Kou yon klou kap tann tèt mato

Ou mete'm sou ON lè'w vle

Ou mete'm sou OFF lè'm pa vle"

Larosilière pa kite rezèv ditou, nan lanmou pou li pa gen mezi."


Men keksyon nou sipoze poze tèt nou, se poukisa ouvraj sa ekri nan de lang?

Eske se paske nou gen de lang ofisyèl?

Oubyen se yon leson otè a vle pase? Kòm li di li, nan fraz sa yo.


"Franse ak kreyòl pa de matlòt

Yo fèt pou mache kòt a kòt

Kou de marye cherikòkòt"


"Lang pou langue" ouvri yon pòt pou nou ka konprann lavi a yon lòt jan. Kote nou p ap kondane, ni denigre, nou ap jis konprann pandan n ap eseye men nan lanmen, tankou frè ak sè, avanse sou wout pwogrè.


Youn nan pwezi ki make rekèy powèm lan se" yon ti souri" kote ladanl li di:

"manje nouri kò

Pale nouri lespri

Souri nouri kè"


Se ak menm souri sa kiltiakar ap kite lakay nou. N ap retwouve ankò pou yon lòt ribrik.


Méïka Decime

1 Comment


Cade
Jan 21, 2019

Trè bon travay #DécimeMéïka

Like
bottom of page