Kozri 2 ak Siento
- kiltiakar
- 18 janv. 2019
- 8 min de lecture
Pibliye depi 8 qvril 2017

Si genyen moun ki bouke nan lit y ap mennen nan sektè kiltirèl la, genyen yon pakèt ki di kap yo fenk pran van e deklare lagè kont tout fòm medyokrite! Gen sila yo ki gen fòs ak kouraj pou kanpe tenmplas nan lit pou bay kilti a bon jan jarèt pou l pa fin depafini nèt.
Semèn sa, nou tap boule yon koze ak #Siento, yon jèn talan konfime e ekstraòdinè, li se komedyen, jounalis, elatriye. yon lòt fwa ankò se te yon okasyon pou nou te rive konprann konbyen talan ak bon jan resous nou posede, men ki manke eksplwate!
Annou fè yon ti vwayaj ansanm pou nou dekouvri atis la e wè kisa li gen nan djakout li!
Non: Widshell Siyati: Augustin Non atis: Siento Gwoup: Piman Bouk
#Kiltiakar : Chapo ba pou ou Augustin Widshell, nou kontan fè yon ti kozri ak ou jodia, èske w ka fè yon kout prezantasyon de ou menm pou tout lektè platfòm kiltiakar yo?
#Siento : Chapo ba pou ou ak pou tout moun ki pral li atik sa sou Kiltiakar. Mwen se Widshell Augustin, mwen fèt Okay, mwen gen 30 lane. Mwen marye e mwen gen Yon bèl pitit fi. Zanmi m yo rele m Siento, mwen se jounalis, Map prépare memwa mwen nan dwa, mwen fè syans enfòmatik, devlopman kominotè, mwen se komedyen. An gwo se mwen
#Kiltiakar : Ok, gwo potorik gason ke w ye, èske w gen *feedback* popilasyon an konsènan ou menm, espesyalman nan domèn kiltirèl la? Ki reyaksyon w parapò ak *feedback* sa?
#Siento : Ah wap fè m ri (ri) je suis maigre et coriace. Pa gen gwo gason la menm. Bref, monchè mwen konn siprann moun kap pale de kalite Siento genyen sou sèn. Konsa tou gen lòt moun ki toujou di lè yo bò kote l dan yo pa ka ret anndan. Mwen menm lè mwen tande reyaksyon sa yo, sa pouse m fè plis efò. Teyat la egzijan anpil kidonk fòk ou toujou pèfeksyone w ladan l konsa pou w toujou ajou ak tout bagay.
#Kiltiakar : *Siento* non sa èske w ka eksplike nou pouki se non sa w genyen kòm non atis, komedyen? Kisa l vle di pou ou?
#Siento: Fòk mwen diw mwen renmen gade desen anime anpil. Epi mwen renmen Lang panyòl la. Monchè pandan Map gade tikomik lan, mwen tande Youn mande Yon bagay epi iwonikman lòt la reponn *Lo Siento* (Je suis désolé) mwen ri epi mwen di sa frape papa. Epi mwen tou kenbe non sa. Jiskaske zanmi m doktè Lamarre ak Edmude Zamor vin fè m bliye si mwen te rele Widshell Augustin. Mwen konn etone wè Yon seri otorite oswa avoka ap rele m Siento. Pa egzanp Jedi 6 avril la gen plizyè konfrè mwen ki prete sèman nan tanp Temis lan, mwen kontre AK Batonye a li di Siento fòk ou kite mikwo a pou w pran tòj la. Non sa trennen dèyè l Yon pakèt bèl souvni. E pafwa li mete m nan diskisyon tou paske li pa fasil pou jere fwaye ak komedi. Yap toujou panse w nan blag menm lòske ou serye. Antouka mwen pa two renmen di moun lo siento men map di yo kote m ye fòk tout dan deyò paske yo gen dan pou ri.
#Kiltiakar : Sa demontre atansyon ke anpil moun gen anvè ou, Kiltiakar ka temwaye ki kalite potorit gason ke w ye, sitou lè w ap prezante sou sèn, ou satistè de sektè kiltirèl wap evolye a? Pataje ak nou kèk bon ak move moman?
#Siento : Pi bèl eksperyans mwen fè se pou kanaval 2017 lan kote mwen pap di ke mwen te gen lidèchip prepare pou *PIMAN BOUK* kisa kap fèt sou pakou a. Men mwen sonje se mwen k te vini AK lide chanje done a nan pote revandikasyon mas pèp okay la devan kamera medya kapital la. Siw ap sonje gwoup kite gen pankat nan men l lan. Ki te gen anpil slogan tankou " se pa lè kanaval sèlman pou okay gen kouran" " nou vle bon Jan lopital" "nou vle Yon sal teyat" sa yo se kèk nan parmi mesaj nou pase yo.
Dezyèm bon moman mwen pase se an oktòb 2015, mwen tap jwe sou sèn defen Sal Sen Lwi epi mwen tèlman ap depoze menm aktè sou sèn lan mwen bay pwoblèm. Alo entèl yo site non w wi.
Mwen tèlman pase anpil bon moman mwen pa gentan pou m sonje si mwen te gen move moman. Mwen aprann viv AK Yon espri pozitif pandan Map korije sak te fèt nan pase mwen.
#Kiltiakar : Anfèt ou satisfè de sektè wap evolye a?
#Siento : Sektè sa chaje pwoblèm sitou nan Okay. Nan moman sa la pi gwo pwoblèm nou se Yon sant kiltirèl. Pa gen sa Okay. Se sak fè Map pwofite de moman sa pou mwen mande otorite lokal kou nasyonal yo pou yo ban nou Yon sant kiltirèl paske nou bezwen sa pou n pwodwi. Si yo di lajenès se avni peyi a fòk yo pwoteje nou nan ban nou bon Jan edikasyon, distraksyon AK fòmasyon. Epi moun pa janm satisfè a 100% wap toujou lite pou bay meyè de ou.
#Kiltiakar : Ou se manm *Piman Bouk* yon twoup teyat , èske w ka eksplike nou kouman sa ye, kijan tretman an ye pou ou kòm atis, prezante nou yon tikras twoup sa e pakou nan domèn sa?
#Siento : Mwen pa patisipe nan plizyè lòt twoup ni mwen pa konn kijan Yo fonksyone. Men mwen ta renmen envite yo vin swiv Yon reyinyon. Mwen pap di plis. Menm si mwen rekonèt ant moun ak moun toujou gen divèjans lide sitou lè nap prepare teyat yo. Mwen gen dwa bay Yon lide Yon lòt moun estime si l te konsa li tap pi bon. Mwen pa pral pale pou tèt mwen nan PIMAN BOUK tout moun gen menm dwa se sak fè nou menm nou gen Meday olye Kowodonatè e chak manm yo se Yon may nan chèn ki rele PIMAN BOUK la. Kite m esplike w nan twoup la se mayon yo ki deside sa pou Meday la fè. Gade Yon chèn ki gen Meday ladan wap konprann se may yo ki kenbe Meday la. Si Yon may lache oubyen kase otomatikman Meday la tonbe. Se sak fè li gen pou obligasyon lite pou n toujou soude Youn AK lòt. Mwen envite n vin fè pati chèn sa ki rele PIMAN BOUK.
#Kiltiakar : Se vrèman entèresan, men nan jou sa yo, nou aprann ke *Piman Bouk* gen yon *Brikabrak* l ap fè 29 avril ane sa, kisa li ye menm ? Nou fè biznis tou, kisa l ye menm ? Pale nou de *Brikabrak* sa non?
#Siento : kesyon sa bèl, BRIKABRAK. Se Yon kote ou al bay Yon bagay ou genyen selon enpòtans li yo baw Yon kòb pou li. Men BRIKABRAK sa PIMAN BOUK ap pale a se pa Yon mezon dafè ni Yon biznis konsa. Men se Yon metafò ki reflete reyalite lavi politik, ekonomik sosyal AK kiltirèl peyi a. Egzanp ou toujou tande pou nèg isit chèf fòk yo Al kay tonton blan pou negosye pouvwa. Ou konn tande tou gen moun pou jwenn djòb fè nenpòt bagay. Ou konn tande tou se banm Map baw tout sa yo se BRIKABRAK. Nou menm nou mete l sou Yon fòm kote moun yo pral ri men nap pase mesaj la anndan tèks yo. Map envite tout moun nèt Al gade espektak sa kap fèt 29 avril nan lekòl nòmal okay la kote yo rele larich la pou sèlman 100 goud alavans 150 goud nan pòt
#Kiltiakar : Ah bon, anfèt Piman Bouk trè angaje? Yon espektak konsa pouki se nan lokal sa nou chwazi jwe li, èske l li apopriye pou akeyi yon espektak teyatral?
#Siento: Monchè !!! Nou chak nan PIMAN BOUK soti nan mas la nap viv AK mas la. Lè nou vote moun yo pou yo Al reprezante nou se zafè pa yo yal regle yo pa wè n nan gwo liv la. Se pou rezon sa depi 12 lane PIMAN BOUK pa jwe tèks lanmou men tèks ki gen rapò ak kotidyen lavi nou. An gwo nou fè tèt nou pase pou pòt pawòl popilasyon ki depi plis pase 200 lane ap chache Yon lavi miyò.
Otorite isit tout plimay ki konprann ki wòl komedyen yo jwe nan sosyete a, mwen pa konn si se espre ni si se mank mwayen déside pa mete Yon sant kiltirèl Okay. Sèl defen Sal Sen Lwi nou gen la, li montre nou a klè vrè vizaj legliz katolik. Se vre nou pa gen sal ki apwopriye a mòd espektak sa yo. Men nou pa ka kite mesaj popilasyon an san l pa pase. Fòk nou Al denonse kontra mafya sa EDH siyen pou okay la kote se blakawout wap peye. Fòk nou Al mande poukisa depi de chen met ansanm yo pipi okay Inonde. Poukisa pwofesè pa ka touche alòske militan oubyen pou bèl devan machokèt ap direktè jeneral. Poukisa nèg isit pa ankouraje moun rete Ann Ayiti. Poukisa tou popilasyon an pa vle peye taks, poukisa popilasyon an pa sispann vote rat dokale ki pa konn je aga nan fèy manga mete reprezante yo nan palman. Kidonk malgre nou pa gen Yon bon sal nou di moun yo tèt dwat nan lekòl nòmal la jou kap 29 avril la.
#Kiltiakar : Ayibobo pou nou kap kore kilti a pou l pa mouri, m panse mesaj sa ap rive dwat nan zòrèy zotobre nan leta yo! Apre Brikabrak, ki lòt pwojè pwòch ou genyen pèsonèlman?
#Siento : Nou pap sispann travay paske se pou popilasyon an nou ye. Apre BRIKABRAK nap rapousib pwojè nou nan fè klinik mobil, ede moun li ak ekri elatriye. Nou pa pale sèlman nou aji. Nap travay tou nan fè travay kominitè. PIMAN BOUK pa sèlman twoup teyat nou se Yon fanmi.
#Kiltiakar : Kòm nou konnen yon komedyen se yon moun ki gen bon sans obsèvasyon, sa vle di ke ou ka konprann pwoblèm popilasyon an byen, ajoute ak tout aksyon sosyal sa yo, ou pa wè tèt ou kòm yon potansyèl politisyen e kandida? Sa poko tante w?
#Siento : Mwen panse ou pa oblije kandida ni politisyen pou w itil peyi w. Okontrè mwen rete kwè se tout moun ki pou mete tèt ansanm pou fè peyi a vanse. Se chèn divizyon an pou n kase. Epi gen pozisyon w ye nan sosyete a ou pa bezwen kandida pou sa. Pa egzanp Yon moun kap ede moun kap fè sosyal kap travay pou peyi l pa oblije kandida pou l fè sa. Mwen menm mwen wè Yon seri de moun ki vin palmantè, prezidan, minis elatriye te pi itil lè yo te nan sosyete sivil la. Mwen pa konn alavni si mwen a tante paske mwen se moun mwen pa pafè. Men nan moman Map pale la se popilasyon an, Maeva ki vizyon mwen. Kote mwen gen Yon batay map mennen sou tout plan pou okay gen Yon sant kiltirèl.
#Kiltiakar : Maeva? Mo sa vle di kisa? Rire.
#Siento : Pitit fi mwen an.
#Kiltiakar : Kiltiakar ap remèsye pou tan ou te akòde l, nou te pibliye yon kritik literè sou youn nan prestasyon nou te fè nan sal senlwi lane pase, *Haïti à travers l'espoir* Kijan w te resevwa kritik sa yo?
Ki mesaj wap voye bay tout moun k ap pral li kozri nou fè la jodia?
#Siento: Mwen menm antanke komedyen mwen louvri a tout kritik, mwen pran sak pou ede m avanse yo, rès la mwen pa fè mansyon de yo. *HAÏTI À TRAVERS L'ESPOIR* se te Youn nan pi bèl tèks ki montre a klè ki sa Ayisyen yo ka fè pou libere Ayiti nan mizè l ye la.
Pou tout moun ki ap li kozri sa map di yo Ayiti pap peri, menm si nou wè medyokrite anvayi nou, granmanjè pa vle kite n avanse nou mèt kwè m lap jou Yon lè kan menm. Mwen pwofite envite nou 29 avril sa nan BRIKABRAK kap fèt nan lekòl nòmal okay la kote yo rele larich la pou sèlman 100 goud alavans 150 goud nan pòt depi l fè 6h30 nan aswè. Pa rate okazyon sa. Vin di non fason yap dirije nou, vin di sa nou vle.
#Kiltiakar : Kiltiakar remèsye w anpil! Randevou sou rezo nou yo
#Shubeget_Kanfor@Kiltiakar
Comments