top of page

Kozri 3 ak France Morton Gouste aka Mr CliCk

  • Photo du rédacteur: kiltiakar
    kiltiakar
  • 18 janv. 2019
  • 8 min de lecture

Pibliye depi 14 avril 2017


Si gran save yo di "kilti se tout sa ki rete apre tout sa ki bliye" nou menm nan Kiltiakar, nou gen misyon pou nou anpeche nou antere ak bliye tout sila yo ki tou vivan toujou men nou neglije yo.


Kozri, yon ribrik kap fè w dekouvri e fè konesans ak tout kalte talan nan mond kiltirèl nou an ki te kache!


Chak semèn nou ap pote pou ou yon Kozri tou nèf! Apre #TiEkri_SteevyKozri#1, #Siento Kozri#2, semèn sa nap envite w dekouvri ansanm ak nou #MrClick! nan Kozri#3!


Non: Morton Gouste Siyati: FRANCE Non atis: Click! Asosyasyon: Ecolo-Jeune

Ann apresye ansanm ti Kozri #3!





#Kiltiakar: Nou koube nou byen ba pou nou salye w, mister Click! Kouman nèg ye?


#MrClick: Mes respects grand reuf ! Malgre sante Click pa twò ok, il tient l'coup, il est pas genre à s'laisser abattre. Se avèk you kontantman debòdan kem a dispozisyon Kiltiakar ! Click !!!


#Kiltiakar: Ok! Click! Non sa vle di kisa? Èske w ou ka fè yon prezantasyon de ou pou tou zanmi kap swiv nou yo!


#MrClick: Au fait, on file un tas d'noms à c'monsieur qu'il devait douter d'son acte de naissance, car il a du talent à en revendre, c'est une tache de naissance. Certains l'appellent mr. Click, le fou, le poète, le slameur, le petit rigolo et bien d'autres encore. Si Kiltiakar aussi a un nom à l'filer, il serait l'bienvenu ! Ses parents, eux, ils l'nomment Morton Gouste FRANCE. Originaire de Torbeck, mais jamais vécu. Il a passé toute sa vie dans la ville des Cayes.


Sa Click lan vle di ? Ki kotel sòti ? Ann fè you ti #bak_an_aryè😀, mr. Click rete kwè ke kiltiakar ak anpil moun kap swiv li te konn gade fim ayisyen ki rele #le_choix_de_ma_vie. Te gen you pèsonaj nan fim sa ki te rele Klebè. Sitwayen sa te renmen itilize mo #click lan anpil, li te ba mo sila sans #sèks. Mr. Click te vrèman renmen Klebè nan fim lan, an plis, msye te jwe wòl li an vrèman byen. Kòm mwen se fanatik enkondisyonèl sèks, mwen te tou kenbe mo an poum itilizel tou. Epi toujou, #K_Libr ki se you rapè ayisyen ke anpil nan nou konnen, se te meyè rapè pou mwen, mwen te damou sitwayen sa (damou pa nan sans voksal non lespri tanga😀), msye tou, kòm nou konn tandel nan anpil trak li, li itilize mo click lan anpil. Klebè avèk K-Libr ki se 2 moun kem te vrèman renmen e ki te fè trè byen travay yo tap fè an te renmen itilize mo click lan, sa rann kem vin itilizel anpil tou, epi tout moun tonbe relem Click !!!


#Kiltiakar: Oh yeah, kidonk Click la gen plizyè sous! E nou ka remake Click genyen yon talan miltip! Nou konn toujou tande yo di Click pa pale ni kreyòl ni fransè, men li gen pwòp lang pa l, ou ka ban nou yon ti limyè? Ki lang ou pale menm?


#MrClick: Talè, kite mr. Click fè you ti ri avan😂😂😂! O ! Padon ! Se you gro ri msye fè😂! Bref !

Kòm nou konnen byen, nan kreyòl pa gen #zuzu, jan yo konn dil lan e se vre. Sa vle di : si you moun ap pale kreyòl li di #supporter, ou fè gro fot, moun lan dwe griyen jansiv li poul di #sipòte. Kòm mr. Click avèk anpil lòt moun ankò pap ouvri pil bouch yo 17 lajè pou yo di sipòte, nan sans sa mr. Click di kel pa pale kreyòl. Kòm nou konnen pyonye nou yo te di : "indigéniser la langue française", nan sans ke nou pa dwe pale fransè an jan fransè yo palel lan, nou dwe mete you ti kreyòl ladan. Nan sans sa, gen fraz fransèz mwen fè ki pa fransè😀, paskem fè you tradiksyon mo pou mo kèk fraz kreyòl. #Magic, jamais sans mon poto, msye toujou ap obsèvem sou istwa sa, li toujou ap dim ke fransè yo pap konprann, chanje grimas styl sa, mwen toujou dil #negatif. Daprè tout pawòl mr. Click note anlè an, sa vle di san dout kel melanje 2 lang sa yo ki se #fransè ak #kreyòl poul pale.

Alors, Mr. Click parle #franc, il parle pas #français, il parle #fran_yòl.

Oh putain ! Click s'adore😉! Click !!!


#Kiltiakar: Waw! Se rigolo en! Ou gen yon fason ou konn prezante w sitou lè w sou sèn e nou remake piblik la toujou akonpaye w, ou ka fè fanatik #kiltiakar yo viv fason sa ke w konn fè l la?


#MrClick: Les désirs des fans sont des ordres, tant qu'ça reste positif !

Appelle moi Morton, Ou l'autre nom : mr. Click ! J'parle frOnc, j'parle pas frOncais, j'parle frOn_yòl !


#Kiltiakar: Ok ! Click !!! M pap ba w manti, anpil moun ap ri wi, sa gou wi! Ou fè pwezi, slam e ki lòt metye w genyen ankò ou pa site? Slam, kisa yon moun ka konprann de estil sa, kisa li ye menm?


#MrClick: Se byen ke anpil moun ap ri, parce que ça soulage le stress e sa ap ede pli, ribann ke nou pral gen nan machwè nou yo byen plase pita. À noter : une journée sans rire est une journée perdue !

Kisa #Slam ye ? Kòm nou konnen, mo yo toujou gen plizyè sans, sa depan de kontèks fraz lan, men Click dwe di ke mo yo tou, yo gen you sans pwòp a yo. Le Slam de mr. Click s'base sur la poésie. C'est genre #déclamer un texte #poétique et #technique en public sur un fond musical ou non, tout en essayant d'être surprenant, de créer l'émotion parmi l'auditoire. Mr. Click ap tou profite di tout moun ki gen nan tèt yo ke #slame diferan #deklame ke se fo. Yo se de mo synonim.

Click sonjel te li you kote, you sitwayen te ekri : depi you nèg ka kenbe miko an piblik, lap #klike anpil fi😂.

Nan sans sa, Kiltiakar, di medam yo, Click fenk kare kenbe miko an piblik😂! Click !!!


#Kiltiakar: Ok! Èske slam yo se tèks ou ekri menmjan ak pwezi yo oubyen se jis enpwovizasyon yo ye!? Se menm règ yo pou estil sa yo?


#MrClick: Wi !!! Pou mr. Click ka pi klè, kitel diw ke tout #pwezi se #slam imedyatman wal dil an piblik alòske tout slam pa pwezi. Il s'explique : un poème c'est un #texte_poétique, c'est toujours un texte poétique. Quand on dit tèks powetik sa nan piblik, yo slame l(deklame l), lè sa, moun ki slame tèks powetik sa, si se li ki ekril, il est un #poète_slameur. Menm jan tou, gen #poète_rapeur, #poète_chanteur. Moun sa yo, yo ekri yon tèks powetik epi yo slame l, chante l ou rape l. Konsa tou, yon moun ka fè slam alòske l pa powèt, si tèks sa lap slame an se you senp tèks. Lè mr. Click di senp tèks, li fè alizyon ak #tèks_deskriptif(kote moun lan ap dekri yo andwa kèlkonk, you bagay...), #tèks_naratif(kote moun lan ap rakonte you bagay ki te pase, you aksidan, you istwa... ) ak anpil lòt ankò ki pa site. Pwezi an li menm, se #tèks_retorik{sa pa vle di ke se tèks yo fè nan reto non😀. Se lè wap jwe avèk mo yo(jeu de mots, calembours, punchline, technique, figure de style, rythmé)}, se lèw fè jan de shema sa yo, ou fè pwezi.

Pou mr. Click fini sou pwen sa, mr. Click pa enprovize, il déteste ça ! Click !!!


#Kiltiakar: Ok! Èske Click pa ko janm ap jwe sou sèn epi li pèdi? Si sa rive deja kijan w santi w nan moman sa e kisa w fè pou korije sa?


#MrClick: Wi, wi e wi !!! Click rete kwè ke se you bagay ki rive prèske tout moun ki nan domèn lan poul pa di tout. Lè sa rive you moun, c'est sûr qu'il n'sera plus menm moun kel te ye lèl te kòmanse an, paske lap vin dekontrole.

Sa rive mr. Click plizyè fwa deja. Li sonje sa te rivel you fwa nan #Écolo_Jeune ki pral fete 8 ans li la 21, 22, 23 avril kap vini la(Écolo Jeune, ton pied c'est mon pied, là où tu vas je vais😍)lè sa te rive mr. Click lan, li te oblije rekòmanse tèks lan a zero. Msye te vrèman santil R.A.Z.

Mr. Click ap tou profite di moun ki nan domèn sa qu'il y a 3 règles à suivre jan poto Magic te di msye : Règle1_ ne #jamais monter sur scène sans #bien maîtriser le texte. Règle2_ ne jamais monter sur scène sans bien faire de répétition. Règle3_ voir la règle une et la 2😀! Click !!!


#Kiltiakar: Ou mansyone #Magic plizyè fwa nan repons ou yo, se modèl oubyen mantò ou, kiyès li ye menm?


#MrClick: Nou ka di sa ! Pou mr. Click pi presi, mwen leve nan pla kwis Magic😀, nou te nan menm kay. Mr. Click est fils unique, il doit dire que Magic est le reuf qu'il a toujours voulu (jamais sans mon poto). Comme beaucoup l'savent, Magic est un grand dans l'slam ou plutôt dans le #slap. Comme on sait #bian, chacun son style, chacun sa manière.

Bref, Magic est son tout sauf rien😉! Beaucoup d'respects à c'monsieur ! Click !!!


#Kiltiakar: Yeah! Ki pi gro defi ou wè nan sektè kiltirèl nou an, kijan ou menm ou angaje w pou ede n leve defi sa (yo)?


#MrClick: Se vrèman tris lè wap gade pa gen okenn kote vre pa bò isit pou fè you program kiltirèl. Selon mr. Click, pi gwo defi an se konstwi you sant kiltirèl, men mr. Click pa twò wè kijanl ka ede à part de fè bri sou rezo sosyo yo poun di jan nou bezwen lye kiltirèl jistanl rive nan zorèy gro zotobre yo ! Click !!!


#Kiltiakar: Ok! Men an tèm de pwodwi kijan ou wè sa ye? Èske daprè ou menm nou ofri popilasyon an yon pwodwi kiltirèl ki idantifye nou vre?


#MrClick: Comme on l'sait bien, en Haïti, c'est le truc vide qui bat son plein ! Pis c'est une question de marenn ak parenn. Kite Click pran you egzanp avèk #Écolo_Jeune ki tap òganize #7è_édition_journée_du_livre nan lakou mè salezyèn ki te gen kòm envite donè #Gessica_Généus. Se you trè bon pwodwi kap ankouraje moun li, kote wap ajoute konesans sou konesans kew te gen déjà. Malgre mè sa yo fè Écolo Jeune peye milyon(façon d'parler), yo pa bay you bon sèvis. Yo pa bay son, yo pat menm vle bay chèz. Sa te vin rann ke bagay yo pa fèt jan ke nou te vlel fèt lan, men gras a Dye epi ak efò solid nou, nou te reyisi kanmèm. Tankou lòt lan di : "moun kap preche la charité se yok pi chich".

Tout sa, se pou mr. Click di ke nou gen bon pwodwi paske nou chaje talan. Nou idantifye nou #kanmèm, mr. Click pap di ke nou idantifye nou vre paske gro zotobre yo pa ban nou kout men, okontrè se choute yo vle choute nou ! Click !!! Anfèt nou apresye kòmantè w yo, genyen yon nouvo gouvènman ki monte la, kisa Mr. Click atann de li sou plan kiltirèl? Si m tap pwopoze yo yon bagay se kisa li tap ye? Pa janm gen nouvo gouvènman, se nouvo vizaj sèlman ki genyen. La seule chose qu'on peut s'attendre de ces gens, c'est l'augmentation d'la misère. Nou ka toujou mande, kòm bib lan dil, mande na jwenn. Men kesyon an se : mande kiyès ? #se_pa_sa_yo😏! Bagay mr. Click ap pwopoze yo, se pran konsyans de eta yo ! Click !!!


#Kiltiakar: Pou nou fini ak ti kozri sa! Kisa Mr. Click gen nan djakout li pou l ofri moun yo kòm pwodwi kiltirèl, ki pwojè li genyen pou tan kap vini yo?


#MrClick: Se vrèman fòmidab ti kozri sa ak #Kiltiakar, pou Click sensè, li pa ta anvi l fini, mais bon, on connaît tous la chanson.

Mr. Click est un poète-slameur, li pap sipann ekri poul kontinye slame pou piblik lan e sitou pou fanatik li yo. Tout moun ki pa ko tande mr. Click e ki ta renmen tandel, pa rate jou kap 22 avril sa nan hôtel le manguier nan okazyon 8è anivèsè Écolo Jeune(déjà bonne fête).

Appelle moi Morton, ou l'autre nom : mr. Click ! J'parle franc, j'parle pas français, j'parle fran-yòl ! Ok ! Click !!!


#Kiltiakar: Ok! Mèsi pou tan w te akòde nou, men anvan nou ale nèt, ban nou mande w sa, Mr. Click pibliye pwodwi li deja(rekèy oubyen cd odyo)? sinon ou pa genyen entansyon an tou?


#MrClick: Mr. Click pa gen lide poul pibliye okenn rekèy, li tap gentan metem okouran deja malgre EDH fè sal konnen avèl😀! Li poko gen anyen sou cd tou, menl gen entansyon fè sa, li pa lwen fè sa.

Trè byento, fanatik yo ap jwenn you trak slam ki titre #grand_slam ! Click !!!


#Kiltiakar: Kiltiakar ap remèsye w e swete w deja bon siksè! Nap tann pwodwi a !


#MrClick: Se Click ki pou remèsye Kiltiakar pou kalite gro travay sa lap fè an, nou bezwen sa. Kenbe fèm !

Merci Clickement😀! Click Click !!!





Sete 3è seri ti Kozri nou avèk Mr. Click!

Pa blije renmen, pataje e kòmante paj la ak piblikasyon yo!


Shubeget_Kanfor@kiltiakar

Comments


bottom of page