top of page

Kozri ak Verdieu Steeve aka Ti Ekri

  • Photo du rédacteur: kiltiakar
    kiltiakar
  • 17 janv. 2019
  • 5 min de lecture

Pibliye depi 31 mas 2017




#KOZRI , yon ribrik tou nèf k ap mete w an kontak ak yon pèsonaj kiltirèl! Entèvyou, kòmantè, prezantasyon, analiz e lòt!


Semèn sa n ap gen chans dekouvri ak Kiltiakar #TiEkri_Steevy. Yon jèn ekriven nan milye kiltirèl ayisyen an, li ekri e pibliye plizyè tèks deja tankou:" "Elle attend juste que tu prennes possession d'elle.", ''Demen nou pral trip sou ti okap'', ''Yon ti koze ak fiyanse m #1 e #2, elatriye !


Annou apresye ansanm ak nou ti #Kozri nou te fè ak atis la!

Non: Steeve Siyati:Verdieu

Non atis : Ti-Ekri Steevy

Blòg: Écriteau. ecriteaublog.wordpress.com


#kiltiakar : Pou yon premye kesyon kiltiakar ta renmen poze w, èske w kapab prezante w bay lektè ak tout moun ki konn swiv nou yo sou sit entènèt nou ak facebook ?


#Ti_Ekekri Ben... Mwen se VERDIEU Steeve. Moun ki konn li tèks mwen yo konnen m sou nom TiEkri Steevy. Mwen se moun Okay, mwen fè tout anfans mw ak etid skolè mwen isit. Mwen komanse ekri depi ''en seconde'', men ''à l'epoque c'était la catastrophe'' bien ke ''à l'époque'' mwen te trouve yo bèl. Premye vrè tèks ke mwen pibliye e ki fè m enterese ekri rele: "Elle attend juste que tu prennes possession d'elle." Mwen te pataje li an 2014, mwen te wè moun yo apresye l, sa te motive m ekri yon lòt ki te fè anpil lot moun dekouvri m. Se la mwen vin pran vrè ''feelling'' nan ekri.


#kiltiakar : Ok, nou remake pou kounye a ou gen yon seri tèks ou ap ekri, '' yon ti koze ak fiyanse m'' 1 e 2, èske n ka di ke se yon seri ou ap prezante nou oubyen kisa l ye menm!?


#Ti_Ekri: Ben... Ti koze ak fiyanse m' se plizyè istwa sou yo menm tèm. Li rakonte yon moman 2 moun ki damou genyen, kote youn ap koze ak lòt. Chak nimewo se yon istwa ki endependan youn de lòt, kidonk okenn nimewo pa swit yon lòt. Nan chak nimewo ke map ekri, nap rejwenn 2 moun sa yo ki renmen kap pataje yon moman ''plus ou moins intime''. Si ou ta li 2 premye nimewo yo, wap wè m pa mete okenn eleman ki montre ke dezyèm lan se swit nimewo 1 an. E yo chak gen yon tit diferan. ''Donc l'idée est de photographier un moment intime de la vie d'un couple sou le thème'' Ti koze ak fiyanse m.


#kiltiakar : Byen ! Nou remake ou ekri yo an fransè ki gen yon ti melanj tou piti ak kreyòl, èske w pa konte ekri an kreyòl oubyen fè tradiksyon tèks yo nan kreyòl la?


#Ti_Ekri: Bon! Melanj kreyòl fransè nan tèks tradwi ''en effet'' kiyès mwen ye. Li ''très rare'' pou mwen ekri yon istwa pou mwen pa glise yon ti kreyòl ladan l'. ''En quelque sorte'', mwen santi mwen vin pi pwòch moun ki ap li mwen yo, e se youn nan fason mwen santi ki pi fasil pou mwen fè moun ki ap li m' lan anvi pran yon ti poz pou li fon ti souri. ''Le plus souvent, infirme partie'' ki an kreyòl la destine a satiyèt lektè an.

Sak fè mwen ke sa tradwi kiyès mwen ye, se paske melanj fransè ak kreyòl se bagay mwen t plis renmen lèm te konn gade ''film'' ayisyen lontan. Sa te ''tellement bercer'' ke m m te lanse nan ''challenge'' ak tèt mwen pou mwen pale ''tout naturellement'' konsa tou #Rir!

Konsenan ''traduction en créole, j'y ai pas vraiment pensé'', men mw pap kwè sa pap rive tou. ''Et écrire en créole, oui je compte bien''. Men ekri an fransè ak kreyòl se ''deux mondes différents, donc je ne me bouscule pas trop.' M komanse eseye jodi a, si w al gade dènye piblikasyon mwen fè sou kont facebook mwen.


#kiltiakar : Ok! Èske w ka pale nou enpe de '' Écriteau'' se kisa li ye?


#Ti_Ekri: ''Écriteau est un projet sur lequel moi et VERDIEU Junior Jordany travaillons. L'idée est de créer une plate-forme comme'' (ayibo Post) kote nou gen ''plusieurs auteurs'' ki ap pibliye sou li.

''Avant tout, l'idée est de parler de la ville'', di kisa nou renmen ou pa. Men nou pap limite nou nan pale de sa sèlman, nou vle pale de peyi n, ''de tout et de tout, bref,'' nan ecriteau, nou wè yon espas moun kapab li tout kalite tèks ki kapab nourri ''d'une façon ou d'une autre'' lespri moun yo poztivman.

Moun ki ap ekri itilize tèks yo pou yo fè pase vwa yo, kidonk ''écriteau'' se pou nou yon fason pou nou di lemond sa nou panse.


#kiltiakar : Respè pou nou mesye, anfèt nou se konbyen otè ki ap itilize Écriteau pou kounye a?


#Ti_Ekri: Kounye à nou 2, men nou gen yon nouveau moun ki tou prè pou li vin patisipe nan ''aventure'' lan ak nou. ''D'ailleurs'' li gen yon tèks kap publiye sou écriteau semenn lan. Men ''pour l'instant on reste au niveau d'auteur invité''p avan ke nou konfime li ''auteur écriteau.''


#kiltiakar : KILTIAKAR se yon espas kiltirèl ki valorize èv atistik yo, li fè kòmante ak kritik literè sou èv atistik yo, èske w otorize nou pibliye tèks yo sou rezo nou yo!


#Ti_Ekri: ''Biensur que'' wi. Men se ak kondisyon ke ou ban nou kredi an. Paske depi li soti sou ''écriteau, ça n'engage pas seulement moi. Donc oui, juste'' ban nou yon ti kredi.


#kiltiakar : Yon ti koze ak fiyanse m, nan ki kategori ou plase l, nan ki kategori w plis ekri?


#Ti_Ekri: ''Ben... Culture, divertissement... Puisque c ça le but enfin de compte, Catégorie'' mwen plis ekri se ''opinion, divertissement ou culture suivant le thème qu'on veut employer.''


#kiltiakar : Èske tèks sa yo gen yon rapò ak ''yon ti koze ak sè m'' de Gessica Geneus?


#Ti_Ekri: ''Le seul lien, j'ai trouvé le thème de ma série en m'inspirant du titre du livre de gessica. Mais ça s'arrête là, il n'y aucun rapport. D'ailleurs le livre de Gessica ne raconte aucune histoire,'' se yon liv kote li ap montive moun sou fason yo dwe panse, aji e konprann kèk bagay ''tout en se basant de ses propres expériences''. Men ti koze ak fiyanse m' se ''une série d'histoire assez brève de'' TiEkri 😂


#kiltiakar : Bravo brother ! Kiltiakar ap remèsye w, men anvan w ale yon dènye kesyon, piblik la ka atann li ak yon 3zyèm, si wi konbyen tan sa ka pran?


#Ti_Ekri: Ben, mvle ''au moins'' soti youn chak mwa ''jusqu'à décembre.'' Se youn nan ''challenge'' mwen bay tèt mwen. Mwen pat ka pibliye anyen pou mwa fevriye akoz preparasyon écriteau. Men se ''sûr'' ke ''le mois prochain,'' map fè tout sa ki posib pou nimewo 3 pibliye. ''Et j'ai aussi à écrire la suite d'une autre histoire qui a été bien accueilli,'' "Demen, nou pral trip sou ti okap"


#Kiltiakar : Chapo ba pou ou, randevou sou rezo kiltiakar yo.



コメント


bottom of page